Nan kad demi final Super 8 la ki te fèt nan pak St-Terèz nan Petyon-vil ant Don Bosco ak AS Mibalè nan dat 21 desanm 2014 la, Haiti-Tempo te gen chans kwaze ak Grenadye Stephane Guillaume k’ap evolye nan Fort Lauderdale Strikers nan lakou Etazini ki te pwofite ban nou enpresyon’l sou yon seri de dosye. Nan ti bat bouch sila a, Stephane te pale nou de yon match charite ke fondasyon l lan ap gen pou’l òganize nan vil Sen Mak, opinyon l sou chanpyona nasyonal la konparativman ak epòk li t’ap evolye ladann nan, enpresyon’l sou nouvo koleksyon Donald Guerrier a, pami lòt sijè yo.
Nou envite’w koute deklarasyon Stephane Guillaume nan mikro Alix Seme pou Haititempo.com: