Ekri pa Gary Eliézer
Jean Sony Alcenat jwe premye match li jounen jodi samdi a avèk nouvo klèb li a ki se Steua Bucarest Kont CFR Cluj (1-1) nan yon match ki te konte pou 2e tou preliminè Lig Chanpyon 2015-2016.
Lateral dwat Ayisyen an ki pat komanse rankont lan, te vin antre nan 56e minit nan plas yon jwè Roumen ki rele Carp epi yon minit apre se li menm ki te arive bay Tudorie pas gòl la pou li te ka make egalizasyon an piske depi nan 17e minit Cluj te gentan ap menen 1-0.
Fèk rejwenn ekip la apre yon koup lò avèk seleksyon Ayiti a, Tiga sanble pap pran tan pou li adapte li nan ekip Steua ki jwenn kalifikasyon li pou 3e tou preliminè yo k’ap kòmanse mèkredi 29 jiyè e nan okazyon sa Steua Bucarest ap gen pou li jwe kont FK Partizan ki sòti nan peyi Sèbi.