Ekri pa Benson Petit-Clair avèk Gary Eliézer
Jèn Atakan entènasyonal Ayisyen an k’ap jwe nan 1461 Trabzon, bay reaksyon li ak Haiti-Tempo sou group Seleksyon Ayiti a trouve li pou 100yèm Kopa Amerika k’ap gen pou fèt sòti 3 pou rive 24 jen ane sa menm.
Tankou Prezidan federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Yves Jean Bart ak Atakan Stade Lavallois te deja fè li nan mikro nou, ansyen jwè Tempête la san Kache pale de group sa ki gen Brezil, Ekwatè ak Perou ke tiraj osò a ofri Ayiti jou ki te dimanch pase a.
Selon nimewo 9 Grenadye yo, group la pa fè kè li sote paske li te deja atann li ak kèlkeswa ekip e li panse seleksyon nasyonal la dwe kalifye pou dezyèm tou.
“Mwen te prepare mwen pou nenpòt group, lè ou se solda ou paka chwazi nan ki lagè pou ale goumen, se kote yo voye’w ou ale. Se yon group difisil, ak tout respè mwen gen pou ekip yo men nou pa pè pyès ladan yo, se nou menm ki pou fè anpil sakrifis pou nou kalifye,” se sa pi bon bitè seleksyon an pami jwè k’ap jwe yo la deklare avan li kontinye pou li di.
“Se nòmal anpil moun panse se nou ki pi fèb nan group la paske se premye fwa Ayiti kalifye pou Kopa Amerika, men sa se sou papye, sou tèren an tout ekip ap pati a menm fòs,” konsa pitit tè Ti Gwav la fèmen.
An nou fè w sonje, Ayiti ap gen kòmanse kopa kont Perou le 4 jen avan li jwe fas Brezil le 8 epi Ekwatè le 12.